USA / décision de suspendre les transferts de la diaspora vers Haïti
93 minutes ago
Ekonomis Enomy Germain fè konnen se ap yon gwo kou pou ekonomi ayisyèn nan si adminstrasyon amerikèn nan ta anpeche dyaspora voye transfè an Ayiti , jan li gen entansyon fè sa a .
Selon ekonomis la, transfè yo reprezante anviwon 20% PIB peyi a , epi gen enpak sou sitiyasyon makwo ak mikwo ekonomik peyi a.
Yon desizyon konsa ap mete ekonomi ayisyèn nan ajenou, selon Enomy Germain.














