MAEC / Cocktail du Corps diplomatique en l'honneur de la ministre Raina Forbin
3 hours ago
Kò konsilè a nan peyi Dayiti òganize, jedi 16 avril la, yon resepsyon nan lonè Minis Afè etranjè ak Kilt la, Raina Forbin, nan lide pou ranfòse relasyon enstitisyon an ak patnè li yo.
Nan okazyon Minis Raina Forbin salye konsil Perou a, Dimitri Léger, pou jefò li fè nan sans sa a epi raple gwo wòl Kò konsilè a nan ranfòse relasyon peyi Dayiti ak lòt peyi yo.
Pou Madam Forbin, li nesesè pou gen bon jan patenarya ant Ayiti ak lòt peyi yo nan lide pou rive atenn priyorite entènasyonal yo, patikilyèman nan zafè sekirite, relans ekonomik epi repons ak kriz imanitè a.
Dapre responsab yo, ranfòsman koperasyon ant ministè Afè etranjè ak Kò konsilè a kapab kontribiye nan jefò pou gen estabilite, lapè ak devlopman an Ayiti.














