Konjonkti/ Politik - Frank Lauture kritike divès enstitisyon ki denonse travay komite pilotaj la
8 hours ago
Komite pilotaj konferans nasyonal la remèt bay Konsèy prezidansyèl tranzisyon an vèsyon final avan pwojè nouvèl konstitisyon an, jedi 27 out la.
Dokiman sila a pran an kont tout rekòmandasyon plizyè sektè te fè aprè premye piblikasyon an, daprè Franck Lauture ki se manm komite pilotaj la.
Ansyen depite La Vallée de Jacmel la kritike tou divès enstitisyon ki denonse travay komite pilotaj la ki, selon enstitisyon sa yo, p ap pote okenn chanjman pou pèmèt nou rezoud kriz peyi a kontinye ap fè fas.