CAN - Selebrasyon "Jounen mondyal premye sekou"
septembre 17, 2025 12:26 am
Nan okazyon Jounen mondyal premye sekou, vandredi 12 septanm lan, Sant Anbilansye Nasyonal (CAN) reyalize yon seremoni, samdi 13 septanm lan, pou komemore epi selebre ansanm aksyon premye sekou yo ki souvan ede sove lavi, sitou nan sitiyasyon ijans.
Direktè jeneral sant anbilansye Nasyonal la, Renand Aristide, fè pledwaye pou yon CAN ki gen plis kapasite pou reponn ak misyon li kòmsadwa .
Mesye Aristide temwanye rekonsans li anfavè diferan kad ak anplwaye ki kontribye nan ede enstitisyon an reponn ak bezwen popilasyon an.
Direktè jeneral la pwofite tou pou onore divès anplwaye ki bay bon egzanp andan enstitisyon an.