CEP / Clôture de la formation dans les Nippes
45 minutes ago
Konsey elektoral pwovizwa a mete bout, mèkredi 29 Avril la, nan fòmasyon li òganize padan 3 jou pou jounalis nan depatman Nip la.
Plis pase yon karantèn jounalis te patisipe nan fòmasyon sa a ki te dewoule sou plizyè tematik, pami yo. Lit kont dezenfòmasyon nan peryòd elektoral, Fak news, aksè ak enfòmasyon nan moman eleksyon epi wol Jounalis ka jwe pou anpeche dwa moun vyole nan eleksyon yo, elatriye.














