MTPTC / Travail de réhabilitation de la Route Nationale # 1 / Cap-Haitien
76 minutes ago
Minis travo piblik transpò ak kominikasyon an, enjenyè Joseph Almathe Pierre Louis fè konnen nan nivo MTPTC, yo deja mobilize ansanm materyèl yo pou fe entèvansyon pou netwaye vil Kap Ayisyen.
Li anonse avan lontan travay reyabilitasyon wout nasyonal # 1 an soti lenbe pou rive baryè boutèy ap kòmanse
Enjenyè Joseph Almathe Pierre Louis, yon lòt bò, mande popilasyon kapwaz la kite teknisyen TPTC yo fè travay kiraj ravin yo ki se premye etap nan seri entèvansyon yo…
Sou bò pal, minis anviwònman Valerie Fils-Aimé di yo lanse yon konbit pou pote repons rapid nan kriz anviwonmantal depatman Nò a ap sibi depi kèk lane.














