4 soldats salvadoriens disparus Le président du Salvador Nayib Bukele menace de réagir avec fracas

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Prezidan peyi Salvadò a, Nayib Bukele, reyaji sou disparisyon 4 Salvadoryen ki te pran nan yon anbiskad bandi kriminèl yo nan zòn Santo, nan komin Kwadèboukè.

Chèf Leta peyi Salvadò a, nan yon mesaj li poste sou kont X li, fè konnen mesye gang yo kidnape yo pa konbatan. Yo se teknisyen nan domèn avyasyon ki fè pati misyon Salvadò a ann Ayiti, nan kad yon misyon entènasyonal. Misyon an gen sèlman pilòt ak pèsonèl teknik, ki gen kòm travay prensipal fè evakyasyon medikal epi sove lavi moun.

« Men nou te kidnape yo yon fason lach pandan yo t ap retounen aprè yo te fin achte manje nan yon makèt nan zòn nan. Se poutèt sa, jodi a nou te lanse yon operasyon militè pou pote yo sekou.

Nou gen yon sèl objektif: fè kat konpatriyòt nou yo retounen lakay yo vivan, san okenn mal », nou t ap site pawòl prezidan Bukele ki fè chèf gang yo konnen atak jodi a pa anyen devan sa k ap vini si nou pa remèt kat otaj yo vivan.

« Pa pran pawòl nou yo pou menas san fondman. Nou deja fini ak gang yo nan El Salvador, epi nou kapab fini ak nou tou. Nou toujou gen tan pou evite sa. Remèt nou kat konpatriyòt nou yo vivan, san okenn mal, epi tout bagay ap retounen jan sa te ye anvan kidnapin lan » se sa prezidan Salvadò a fè konnen nan yon mesaj li adrese ak gang yo.

Défiler vers le haut