FRG / Poursuite des opérations pour retrouver les soldats salvadoriens
2 hours ago
Fòs represyon gang yo (FRG) konfime l ap kontinye chèche 4 Salvadoryen ki disparèt aprè yon atak 18 oktòb 2026 nan Santo, nan « Croix-des-Bouquets ».
Depi dimanch, sòlda yo nan FRG ap fè operasyon nan zòn lan kote yo te fè fas ak plizyè bandi.
Selon premye rapò yo, gen plizyè manm gang ki ta mouri epi divès lòt blese. Genyen tou 4 manm FRG a ki blese k ap pran swen ka yo merite.
FRG a remèsye gouvènman peyi Salvadò pou kòdinasyon ak soutyen yo bay anplis nan kad repons ak ensidan sa a.
Responsab yo nan FRG mande moun nan Santo ak zòn sou kote li yo rete lakay yo, evite kote y ap mennen operasyon yo.











