DGI/ Circulaire sur la déclaration d'impôts sur le revenu.
2 hours ago
Direksyon jeneral Enpo (DGI), nan yon nòt li pibliye mèkredi 21 oktob la, anonse fonksyonè piblik ak prive yo epi travayè òganizasyon ki gen dwa peye enpo yo, delè pou fè deklarasyon definitiv enpo sou revni yo, se soti 1er oktob pou rive 31 janvye 2027.
Menm nòt la raple moun k ap travay nan sektè prive ak òganizasyon entènasyonal yo, fomilè a disponib nan biwo kote y ap travay la. Tandiske ajan fonksyon piblik la yo menm ap kapab fè l nan biwo DGI, ki pi prè yo a.
Soti yon goud pou rive 60 mil goud barèm enpo a se 10 pou 100. Sa vle di yon moun ki gen yon revni 60 mil goud pou ane a p ap peye enpo.
Soti 60 mil pou rive 240 mil goud se 10 pou 100 revni an. 15 pou 100 pou yon kantite ki soti 240 mil pou rive 480 mil goud. Si w resevwa ant 480 mil rive 1 miyon goud DGI ap fè prelèvman 25 pou 100 epi apati yon milyon goud barèm nan se 30 pou 100.
Direksyon Jeneral Enpo pwofite raple kontribyab yo pou egzèsis fiskal 2026-2027 la, se nouvo kòd fiskal la k ap aplike.











