DGI/ Prélèvement à la source sur les salaires

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Direksyon Jeneral Enpo (DGI) prezante griy ki nan nouvo kòd fiskal la, konsènan prelèvman sou salè anplwaye yo.

Si w ap touche soti yon goud pou rive 360 mil, prelèvman an se 0 pou 100. Apati 360 mil rive 540 mil goud li 12 pou 100.

Ant 540 mil ak yon goud rive yon milyon 80 mil goud barèm lan se 18 pou 100.
Soti 1 milyon 80 mil ak yon goud rive 2 milyon 160 milyon prelèvman ap 25 pou 100. Apati 2 milyon 160 mil ak yon goud barèm nan ap 30 pou 100 li menm.

Nouvo barèm sa ap aplike sou tretman ak salè chak mwa, kòmanse mwa oktòb 2026 la.

DGI pwofite mande responsab enstitisyon an pou mete anplwaye yo okouran sou nouvèl dispozisyon sa yo ki nan nouvo kòd fiskal la.

Défiler vers le haut