Mario ANDRÉSOL a reçu, le mardi 20 octobre 2026, le Représentant de l’UNESCO en Haïti

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis Defans lan, Mario ANDRÉSOL, resevwa madi 20 oktòb 2026 la, Reprezantan UNESCO an Ayiti, Eric Voli Bi, nan kad preparasyon yon atelye fòmasyon soti 27 pou rive 29 oktòb 2026 la, kote gen manm Fòs Lame Dayiti (FAdH), Polis nasyonal Dayiti (PNH) ak plizyè pwofesyonèl ki nan medya ap patisipe.

Yon inisyativ ki vize ranfòse kapasite divès aktè yo nan kesyon lòd piblik epi respekte libète laprès, dwa pou jounalis yo jwenn enfòmasyon ak sekirite.

Nan okazyon an, Minis Mario ANDRÉSOL ensiste sou enpòtans ranfòsman relasyon pwofesyonèl ant fòs sekirite yo ak medya yo sou baz respè ak responsabilite.

Ministè Defans di l pare pou soutni tout inisyativ pou pèmèt yon pi bon konpreyansyon misyon tout aktè yo ak difikilte y ap rankontre sou teren an.

Défiler vers le haut