Banque Mondiale / Rapport sur les progrès enregistrés en matière d'identification
45 minutes ago
Bank mondyal nan yon atik li pibliye, di l konstate anpil pwogrè nan sa ki konsène eta sivil ak idantifikasyon an Ayiti.
Nan atik sa responsab Bank Mondyal yo soulinye enpòtans ak avantaj kat idantifikasyon nasyonal la bay. Sepandan, done ki disponib yo, selon rapò a, fè konnen genyen ant 2.7 rive 3.1 milyon ayisyen ki pa posede yon kat idantifikasyon valid , sa ki anpeche yo benefisye kèk sèvis enpòtan.
Pandan tan sa, efò yo montre tou, 67% moun ki gen laj pou gen kat idantifikasyon nasyonal inik la, jan dekrè 2020 a mande sa . 85% timoun rive anrejistre lè yo fèt epi 77% genyen ak de nesans.
Bank mondyal kwè dwe gen yon politik ki soutni pwogrè sa nan sitou kreye mwayen k ap pèmèt moun ki nan zòn rekile benefisye fri pwogrè sa yo.
Dwe gen mwayen ki tabli pou pèmèt moun yo deklare timoun yo pi fasil. Apiye manman ki selibatè yo pandan y ap mete materyèl ki nesesè pou fasilite plis moun anrejistre.
Yon demach k ap reponn ak atik 16.9 objektif devlopman dirab yo ,ki pale sou dwa chak moun pou genyen yon idantite jiridik.











