MAEC/ Rencontre entre Raïna Forbin et l'ambassadeur du Chili accrédité en Haïti
52 minutes ago
Minis afè etranjè ak kilt la, Raïna Forbin chita pale, mèkredi 28 oktòb la, ak Manuel RIOSECO, anbasadè peyi Chilli akredite an Ayiti ki pral rive nan fen misyon .
Rankont sa pèmèt yo regade relasyon bilateral ki egziste ant Ayiti ak peyi Chili.
Echanj yo tou te chita sou pèspektiv ranfòsman relasyon yo, espesyalman nan domèn kiltirèl ak ekonomik. Nan okazyon an, chanselyè ayisyèn nan salye angajman anbasadè RIOSECO nan demach pou rapwoche 2 peyi yo .
Se okazyon tou pou prezante travay gouvènman nan sa ki gen pou wè ak ranfòsman relasyon diplomatik ant Ayiti ak Chilli ki pral gen 90e anivèsè lane, nan 2027 la.











