Le Gouvernement accorde une dotation au secteur Vodou
54 minutes ago
Minis Afè etranjè ak Kilt yo, Raina FORBIN, chita pal, mèkredi 28 oktòb 2026 la ak lidè nan sektè Voudou a.
Rankont sa a te konsakre sou fason pou ranfòse dyalòg ant Leta a ak reprezantan konfesyon relijye sa a, ansanm ak fason yo pral sèvi ak lajan Leta mete disponib pou sektè vodou a.
Nan okazyon sa a, Madam Forbin fè konnen se pou premye fwa, sektè Vodou a ap jwenn yon anvlòp nan bidjè a, menm jan ak lòt konfesyon relijye yo ki rekonèt ann Ayiti.
Lajan sa a ki evalye ak 50 milyon goud ki jwenn apwobasyon Konsèy Minis yo anba lidèchip Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, dwe ede finanse inisyativ nan enterè kolektif sektè vodou a.
Patisipan yo eksprime kontantman yo pou jès sa gouvènman fè lè l mete yon lajan disponib nan bidjè a pou sektè vodou a.











