MAE/ Rencontre de travail avec les chefs de délégations étrangères
55 minutes ago
Minis afè etranjè ak kilt la, Raina Forbin prezide, 27 oktob la, yon rankont travay ak 57 chèf misyon diplomatik ak pòs konsilè ki reprezante Ayiti aletranje.
Yon rankont ki fèt sou vizyokonferans, pèmèt minis la evalye mizan èv fèy de wout politik etranjè gouvènman ayisyen an epi bay lòt konsiy sou priyorite aksyon diplomatik ak konsilè yo , sitou sa ki konsène kalite sèvis konsilè yo.
Minis Raïna Forbin pale sou deplwaman premye gwoup administratè diplomatik ak konsilè yo nan divès reprezantasyon Ayiti aletranje yo.











