CEP / Inscription des candidats / Vers la fin du processus

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

31 oktòb k ap vini la, se dat Konsèy elektoral pwovizwa ta dwe mete bout nan enskripsyon an liy kandida yo.

Soti 20 dawout pou rive 28 oktòb 2026 la, yon total 7 mil 196 kandida deja anrejistre an liy nan tout nivo nan lide pou patisipe nan pwochèn eleksyon yo.

Pami kandida ki enskri yo, pou azek, yon total 1488 kandida anrejistre.

Nan nivo kazèk, gen yon total 2342 kandida ki yo menm enskri pou patisipe nan pwochèn eleksyon yo.

Pou Majistra, se yon total 1712 kandida ki yo menm deja ranpli fòmalite an liy pou patisipe nan pwochèn eleksyon yo.

Nan pòs kandida pou depite, KEP a deja konte an liy 1274 enskri.

Nan sa ko gen pou wè ak senatè, se yon total 365 kandida ki yo men m deja anrejistre.

Pou kandida pou pòs prezidan, 19 kandida deja yo menm enskri an liy pou pwochèn eleksyon yo.

Olivier Barrau se 19è kandida Ki enskri pou prezidan sou sit KEP a, pou patisipe nan pwochèn eleksyon yo.

Apre fèmti enskripsyon anliy yo konsèy la ap kontinye resevwa depo pyès kandida yo epi antame lòt etap nan pwosesis la

Défiler vers le haut